Byenveni nan
Sèvis Imigrasyon Legal sou Entènèt Nou yo

Ou ka itilize sistèm sou Entènèt nou an pou pran randevou ak youn nan anplwaye legal nou yo. Nou pral pale avè w sou ka imigrasyon ou epi ede w konprann opsyon ou yo.

KALITE SÈVIS

Sèvis sou Entènèt nou yo enkli pèmi travay, demann azil, petisyon fanmi, ak lòt sèvis. Nou bay tou klas "Konnen Dwa Ou" ak atelye pwòp tèt ou ("pro se").

PRI

Pifò nan sèvis nou yo gratis paske yo finanse pa sibvansyon. Sepandan, ou menm ki responsab pou peye frè gouvènman ki nesesè pou depoze dokiman yo.

PRIVACY

Sèvis Legal Katolik, Achidyosèz Miami angaje li pou pwoteje konfidansyalite ak sekirite enfòmasyon pèsonèl ou. Lè ou antre sou sit entènèt sa a oswa itilize li, ou rekonèt epi ou dakò ak kondisyon yo nan Règleman sou Konfidansyalite, ki esplike kijan enfòmasyon ou yo ranmase, itilize, epi pwoteje.